

1 Piè 4:11 Si yon moun ap pale, se pou l' pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l' ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn. Nou tande frem ak sem yo (“Si yon moun ap pale, se pou l' pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di.”)
Jan 8:32 N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou. Ki sa ki “verite a?”
Sòm 119:142 Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite. Nou we lalwa a Bondye se verite.
Jan 14:6 Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. (Se konsa, si nou vle sove kòm moun pèp Izrayèl la; jan sa ekri nan liv la, nou bezwen kenbe kòmandman yo nan lafwa a Kris.)
Jeremi 3:15 M'ap ban nou chèf k'ap fè tou sa m' vle yo fè. Y'a gen konesans ak bon konprann pou gouvènen nou. Ki jan de chèf? (Prèt ak Pastè yo), Bondye di lap ba nou pastè k'ap fè tou sa’l vle yo fè.
Premye Bagay li vle yo fè se pou yo gen Konesans, ki jan de konesans? Eske se Konesans a Katolik, Batis, Advantis, Pentkotist, Methodist, Temwen Jehovah, elatriye? Reponce la se NON. Ann we ki sa konesans Bondye a ye Malachi 2:7-8 Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Seyè ki gen tout pouvwa a yo ye. 8 Men, nou menm prèt yo, nou kite chemen Bondye a. Nou lakòz anpil moun pa kenbe kòmandman mwen bay yo. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pa kenbe kontra mwen te fè ak moun fanmi Levi yo.
(Nou we Byen Nan Bouch prêt yo se kòmandman Bondye ki te si poze nan bouch yo, men bondye di yo pa vle fe sa se pou tet sa yo pa vle pep Bondye a manyen Ansyen Testament Bib la, je nou ap vinn ouvwi sou jan prêt sa yo mechan.)
An nou Retounen nan Jeremy 3:15 Ki Bon Konprann prêt yo dwe gen yen?
Sòm 111:10 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen bon konprann! Bondye ap bay moun ki gen krentif pou li bon jijman. Wi, se tout tan pou yo fè lwanj li. Ki jan pou on moun ka Gen Kretif pou Bondye? Jan 14:15 Si nou renmen m', se pou n' obeyi kòmandman m' yo. (Eske nou konprann? Sa vle di ke, le ou obeyi kòmandman Bondye se le sa ou gen krentif, e wap vinn gen Bon Konprann menm jan tankou lè Jezi Kris te mache sou latè tan kou you moun koulè nwa.)
(Mezanmi kreyol pale kreyol konprann Prêt yo sipoze gen Konesans nan lalwa Bondye a.)
Chirasid 21:11 Moun k’ap fe sa lalwa Bondye mande l fe a ap kontwole lanvi li gen nan ko li. Le yon moun gen krentif net ale pou Granmet la, se sa yo rele gen bon konprann. (Nan Bib La Ak Liv Dezyem Kanon Yo/ Edisyon 2003 Nan nouvo otograf la)
Ezayi 8:20 W'a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa. (Pawol Seye a se lalwa li yo)
Koulye a, nou wè si pastè nou yo pa anseye pawòl Bondye a dapre lalwa a, se paske li pa gen limyè Bondye nan li. Menm Jezi fè nou sa klè (Jan 7:16 Jezi reponn yo: Bagay m'ap moutre nou la a, se pa nan mwen yo soti. Yo soti nan Bondye ki voye m' lan. 17 Si yon moun deside fè sa Bondye vle, la konnen si bagay m'ap moutre yo soti nan Bondye osinon si se pawòl pa m' m'ap pale. 18 Yon moun k'ap pale pawòl pa l', se chache l'ap chache fè lwanj tèt li. Men, moun k'ap travay pou sa sèvi yon lwanj pou moun ki voye l' la, se verite a pou l' di. Pa gen riz nan li. Nou we nan vèsè 18 la di nou “se verite a pou l' di.” Ki sa ki verite a ankò? Sòm 119:142 Jistis ou la pou tout tan, lalwa ou se verite. Nou we lalwa a Bondye se verite. Koulye a, ou menm kap li tèks sa pap gen pwoblèm konprann Matye 5:17-20 Pa mete nan tèt nou mwen vin aboli lalwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te moutre nou. Mwen pa vin pou aboli yo, mwen vin moutre sa yo vle di tout bon. 18 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: tout tan syèl la ak tè a va la, pa yon ti detay, ni yon sèl ti bout lèt nan lalwa a p'ap disparèt, jouk tout bagay ki pou rive yo rive. 19 Se sa ki fè, moun ki va dezobeyi yonn nan pi piti nan kòmandman sa yo, epi ki va moutre lòt moun pou yo fè menm jan an tou, moun sa a va pase pou pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la. Konsa tou, moun ki obeyi kòmandman sa yo, k'ap moutre lòt moun jan pou yo fè l' tou, moun sa a va pase pou pi gran nan Peyi Wa ki nan syèl la. 20 Paske m'ap di nou sa: Si nou pa obeyi Lalwa Bondye a pi byen pase farizyen yo ak direktè lalwa yo, si nou pa viv pi byen pase yo, nou p'ap kapab antre nan Peyi Wa ki nan syèl la.
Pwovèb 6:23 Pawòl sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y'ap korije ou, lè y'ap rale zòrèy ou, se moutre y'ap moutre ou chemen lavi. Nou sonje sa pwofèt Ezayi te di nou? Ezayi 8:20 W'a reponn yo: Koute pawòl Seyè a, koute sa li te moutre nou an! Si nou koute moun k'ap di nou fè lòt bagay, n'ap toujou rete nan fènwa. (Pawol Seye a se lalwa li yo) Se konsa, kounye a ou dwe mande tèt ou eske pastè ou di ou verite a sou pawòl Bondye a jan sa ekri nan liv la?
Mesa Bondye di sou yo ki fe yo pa vle ou ale nan Ansyen tèks la: Ezayi 56:10 Li di: -Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha. 11 Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann. 12 Y'ap plede di: Vini non! N'a jwenn diven. N'a pran kèk bon razad gwòg. Denmen menm, bagay la ap pi bon toujou pase jòdi a.
Miche 3:11 Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou! Moun kap peye prêt yo ak paste yo? se Moun blan
lènmi nou an, pou yo ka toujou kenbe moun Bondye 12 tribi pèp Izrayèl la nan erè paske se sel konsa pou yo ka gen pouvwa pou gouvène mond land. Paske le Jezi ba moun blan yo pou gouvène mond la preske fini Lik 21:24 Y'ap touye yo ak nepe, y'ap mete men sou yo, y'ap depòte yo nan tout lòt peyi. Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l' anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout. (Sa nou sot li la menm yon bourik ki pa gen bon sans ap konprann men nou menm moun Izrayèl pap vle chache koprann. Blan an menm konnen byen, sak fè lap peye prèt ak paste yo pou yo tou jou kenbe nou nan erè poun ka pedi ave’l le Jezi vinn pran pouvwa a nan men’l 1 Jan 3:4 Tout moun ki fè peche, se dezobeyi yo dezobeyi lalwa Bondye, paske peche se dezobeyisans lalwa. Mezanmi nou wè! Kreyol pale, kreyol konprann nou pat ka di nou pat tande mesaj la.
Jeremi 23:1-3,14,17 Madichon pou chèf sa yo ki tankou move gadò k'ap touye, k'ap gaye bann mouton m' mete sou kont yo a. Se Seyè a menm ki di sa. 2 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di sou chèf li mete reskonsab pèp li a: Nou gaye tout mouton m' yo. Nou lage yo nan bwa, nou pa okipe yo. Mwen pral regle nou pou tout mechanste nou yo. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 3 M'ap sanble sa ki rete nan pèp mwen an, m' pral pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo a, m'ap fè yo tounen lakay yo. Y'a fè anpil pitit, y'a peple. 14 Men, sa m' wè pwofèt lavil Jerizalèm yo ap fè a ban m' degoutans. Y'ap sèvi lòt bondye sou mwen. Y'ap plede bay manti. Y'ap ede moun yo fè mechanste. Konsa, pesonn pa sispann fè sa ki mal. Pou mwen, yo tankou moun lavil Sodòm ak lavil Gomò yo. (V. 14 Lot Bondye = Jezi Kris koule blan an, moun blan yo ban nou kom Jezi depi nan esklavaj, Manti yap bay nou nan non a Bondye! Yo di Jezi Kris aboli lalwa yo, Mechanste yap ede moun yo fe yap di Bondye rayi PECHE men li ren moun kap fe peche,) yo gelen bliye sa peche ye "1Jan3:4"
17 Yo pale ak moun ki derefize koute m' yo, y'ap di yo: Tout bagay ap mache byen pou nou. Yo pale ak tout moun ki soti pou kenbe tèt avè m', y'ap di yo: Anyen p'ap rive nou! (Moun pastè yo ap plede di anyen pap rive yo a, se moun ki pa vle obsève lalwa Bondye yo wi.)
Mak 7:6 Jezi reponn yo: -Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l' t'ap pale sou nou, jan sa ekri a: Se nan bouch pèp sa a respekte m', men kè yo byen lwen mwen. 7 Se tan yo y'ap pèdi lè y'ap fè sèvis pou mwen. Paske nan leson yo, se pawòl lèzòm y'ap moutre moun. 8 Jezi di yo konsa: -Nou mete kòmandman Bondye yo sou kote pou nou swiv koutim moun etabli. 9 Li di yo tou: -Nou byen konnen jan pou nou vire kòmandman Bondye yo voye jete, pou nou ka kenbe pwòp pawòl pa nou yo.
Koulye a; kesyon an, se ki sa yo dwe anseye nou? Deteronòm 28:15 Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou: 30 N'a fiyanse ak yon fi, men se yon lòt gason ki va kouche ak li. N'a bati yon kay, men nou
p'ap janm rete ladan l'. N'a plante yon jaden rezen, men nou p'ap janm jwi l'. 47 Bondye te ban nou tou sa nou te bezwen. Men malgre sa, nou pa t' sèvi l' tout bon ak kè kontan. 48 Se poutèt sa, nou pral sèvi lènmi Seyè a pral voye sou nou. Nou pral soufri grangou, swaf dlo, toutouni, dizèt ak tout kalite mizè. Seyè a pral fè lènmi yo kraze nou anba men yo, jouk y'a fini nèt ak nou. 63 Menm jan Seyè a, Bondye nou an, te pran plezi pou l' te fè nou byen, pou l' te fè nou vin anpil la, se konsa tou l'a pran plezi pou l' fè nou pèdi tout bagay, pou l' fini nèt ak nou. L'a rache nou met deyò nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a. 64 Seyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pa t' janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch. 68 Seyè a va fè nou tounen nan peyi Lejip nan bato, atout se li menm ki te pwomèt nou pa t'ap janm tounen la ankò. N' aval vann tèt nou bay lènmi nou yo pou nou sèvi yo esklav, men pesonn p'ap vle achte nou. Se mesaj sa Bondye vle prêt yo preche men yo refize fe sa, se sel le na konen kiyès nou ye antan ke yon Nasyon nava repanti jan sa ekri nan liv la poun kenbe kòmandman li yo nan la foi a Kris. Travay/Acts 5:31 "Bondye fe'l moute chita sou bo dwat li, li mete'l chef sou nou, li fel delivre nou li fe sa pou'l bay pep Yzrael la yon bel chans pou'l tou nen vin jwenn Bondye, pou'l resevwa padon pou peche'l yo."
Èske Pastè Ou Ap di Ou verite Ki Soti Nan Bondye?