

Etid Bib La Ak Istwa Mond Lan
Jan 5:39 N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen. Sa se yon kòmandman Kris ban nou, pou'n Ka chache fouye tout Bib la paske se se'l Bib la ki pale nou verite nan Non'l. Ni Nouvo ak Ansyen Kontra Liv Bondye nou, Ebre 10:7 Lè sa a, mwen di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou, jan sa ekri sou mwen nan liv lalwa a.
Ane 70 Apre Lanmò Lame Women an Detwi Jerizalèm:
Nan ane 65 avan Kris, lame Women an anba jeneral Pompey pran lavil Jerizalèm. Nan ane 70 A.L Jeneral Vespasian ak pitit gason l, Tit (Titus) mete yon fen nan eta Jwif lan. Pandan peryòd nan men gouvènè militè yo ki te nan Palestines, Anpil Krim ak atwosite yo te komèt kont rès pèp la. Pandan peryòd ki soti nan Pompey rive nan Julius, li te estime ke plis pase 1 Million jwif kouri ale nan Lafrik, yo tap kouri pou pèsekisyon Women ak esklavaj. Mache esklav yo te plen Jwif esklav neg nwa. Non liv istwa sa se...(Soti nan lavil Babilòn nan Timbuktu yon Istwa nan ras Ansyen Nwa, Mete ak Ebre Nwa yo, pa Rudolph R. Windsor) Nan Paj 84. Klike sou (Imaj la) pou plis detay.
Èske Pastè Ou Ap di Ou verite Ki Soti Nan Bondye?
Klike sou Image la pou plis Detay sou sijè sa, Jan 8:32 N'a konnen verite a, lè sa a verite a va ban nou libète nou.
Lévi et Siméon
Padon frè m 'yo ak sè m yo, jodi a mwen oblije itilize lang lènmi an pou mwen ka fè leson sa a. Se paske gen twòp move tradiksyon Nan kreyòl Bib La. Se poutèt sa, moun ki konprann franse tradi pou frè ak sè nou yo ki pa abitye ak lang franse a. Klike sou Image la pou plis detay.
Siy Yon Pwofèt K'ap Bay Manti
1 Timote 1:18- Timote, pitit mwen, m'ap renmèt ou kòmandman sa a, dapre pawòl pwofèt Bondye yo te di sou ou nan tan lontan an. Pran fòs sou pawòl sa yo pou ou ka mennen batay la byen. 19 Kenbe konfyans ou fèm nan Bondye ak konsyans ou an repo. Gen moun ki refize koute konsyans yo. Se konsa yo pèdi konfyans yo. 20 Nan yo gen Imene ak Aleksann. Mwen lage tou de nan men Satan pou yo aprann pa pale mal sou Bondye. (Ou wè sa ki ekri nan vèsè 1 Timote 1:18-20 an, se rezilta a yon doktrin fo; Imene ak Aleksann, t’ ap eseye pote nan mitan pèp Bondye a ki te kwè nan Kris la. Bondye nenpòt moman ka mete ou nan sitiyasyon sèten, pou li wè si ou ka rete fidèl a li. Koulye a, pou plis detay klike sou foto a.
Jozèf se te papa Byolojik a Jezi:
Matye 24:4 Jezi reponn yo: Atansyon pou pesonn pa twonpe nou. 5 Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. y'a twonpe anpil moun 1 Jan 4:3 Men, si yon moun refize rekonèt Jezi te yon moun tout bon, moun sa a pa gen lespri ki soti nan Bondye a. Lespri li genyen an soti nan moun k'ap goumen ak Kris la. Yo te di nou moun k'ap goumen ak Kris la te gen pou l' te vini. Enben, koulye a li deja nan lemonn. (Koulye a, kesyon nou dwe mande tèt nou? Ki Relijyon sou latè kap Mache di Jezi Kris la pa t 'gen yon papa Byolojik! Relijyon Katolik ki manman a tout relijyon sou planèt la moun te kreye ann di Tout Relijyon Krisyanis yo). Klike sou foto a pou plis detay...