

Siy Yon Fo Pwofèt
Matye 7: 15 Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye. 16 n'a rekonèt yo sou sa y'ap fè. Yo pa keyi rezen sou pye pikan. Ni yo pa keyi fig frans sou pye rakèt. 17 Yon bon pyebwa bay bon donn. Men, yon move pyebwa bay move donn. 18 Yon bon pyebwa pa ka bay move donn. Nitou yon move pyebwa pa ka bay bon donn. 19 Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. 20 Konsa tou, n'a rekonèt fo pwofèt yo sou sa y'ap fè. (Ki jan pou w ka dekouvri yon bèt devoran ki soti nan bwa ak rad mouton sou li?)
Ezekyèl 22:25 Chèf ki rete nan peyi a tankou lyon k'ap gwonde bò yon bèt yo fin touye. Yo devore moun, yo pran tout richès ak tout byen yo jwenn. Se pa de fanm yo kite san mari. 26 Prèt yo menm pa kenbe lwa mwen an, yo pa gen respè pou kay ki apa pou mwen an. Yo pa fè diferans ant bagay ki apa pou mwen ak bagay ki pa apa pou mwen. Yo pa moutre moun sa ki bon ak sa ki pa bon pou sèvis mwen. Yo pa konn sa ki rele jou repo mwen yo. Se konsa pèp Izrayèl la pa respekte m' menm.
(Ou wè nan vèsè 26 fè nou wè klè, premye bagay yon fo pwofèt gen pou l fè vyole Lwa a Bondye). (Pou egzanp; Lè ou tande deklarasyon sa yo ki "WI Mwen Konnen lwa A Bon, Men! Nou vrèman pa dwe kenbe lalwa Moyiz la” Ou mèt kòmanse prepare tèt ou Yon pwofèt ki fo ap pale ak ou. Paske si yo te li Bib yo, yo ta wè sa Kris ak Apot yo di, sou kòmandman papa l yo) (Matye 5:17-20, Women 3:31, 1 Jan 2:4-7, Jan 5:46-47).
Nan menm Ezekyèl 22:26 (“yo pa gen respè pou kay ki apa pou mwen an. Yo pa fè diferans ant bagay ki apa pou mwen ak bagay ki pa apa pou mwen. Yo pa moutre moun sa ki bon ak sa ki pa bon pou sèvis mwen. Yo pa konn sa ki rele jou repo mwen yo. Se konsa pèp Izrayèl la pa respekte m' menm.”)
Rezon ki fè Bondye di prêt yo sa! Se paske tout sa yo anseye nou se mèt esklav blan yo ki moutre yo ki sa pou yo anseye nou. Pou egzanp Tradisyon Bondye: Jou repo a setyèm jou nan semèn nan, Vandredi solèy kouche jou k Samdi solèy kouche Li (Egzòd 20:8-10) E Jou repo a se pa pou moun ki nan relijyon moun Advantis setyèm jou yo non plis (Egzòd 31:16 Se tout pèp la nèt ki pou respekte jou repo a de pitit an pitit. Se yon kontra ki la pou tout tan. 17 Sa va yon siy ant mwen menm ak pèp Izrayèl la, paske mwen menm, Seyè a, mwen te pran sis jou pou m' fè syèl la ak latè a. Sou setyèm jou a mwen te sispann travay, mwen te pran repo. 18 Lè Seyè a te fin pale konsa ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li ba li de ròch plat kote li te ekri kontra a ak pròp men li). Nou tout konprann? li la pou douz branch fanmi pèp Izrayèl la sèlman. Epi ou ankò sa yo rele ayisyen an ou pa moun lòt nasyon, ou pa moun pèp Izrayèl pa la fwa jan blan an ap peye pastè yo pou anseye ou men se ou menm natif natal ki fe pati a douz tribi a, e ou soti nan branch fanmi Levi yon nan douz branch pitit a Jacob yo.
Lòt tradisyon a Bondye Papa nou ki nan syèl la: fèt Tabènak (Jan 7:1-53), Sèvis Jou Bondye fè gras (Levitik 16), Fèt twonpèt (Nonb 10), fèt Lapannkòt Egzòd 23:14-17 fèt Lapannkòt se regleman sou yon sou twa pi grow fèt pou Bondye, Pen san ledven.
Tradisyon fo pwofèt nou yo; lènmi blan an te montre yo de pi nan esklavaj rive jouk jounnen jodia nan inivèsite pou menm neg parey nou yo ki ansaye nou la bib: Adore nan Dimanch, Fèt papa Nwèl, Sen valantin, jou Karèm, fèt lanmò, (Pak) se neg blan an ki mete pak vre non an se (fèt Delivrans jwif yo) pa Fèt Pak. Li Matye 15:7-9 Wa wè sa Jezi Kris di sou sijè Tradisyon fo pwofèt sa yo.
(kounye a ou tande Kreyol pale Kreyol Konprann, anpil moun pa konprann sa ki ekri nan ekriti a Apot Pòl paske yo pa gen eksperyans lalwa Bondye a nan yo menm. Apot Piè ban nou avètisman sou ekriti a Apot Pòl yo) 2 Piè 3:15-18 Konprann sa byen, se pou nou ka sove kifè Seyè a ap pran tout pasyans sa a ak nou. Se sa menm frè Pòl, bon zanmi nou an, te ekri nou dapre bon konprann Bondye te ba li a. 16 Nan tout lèt li yo, li pale nou sou bagay sa yo. Gen kèk pwen ladan yo ki difisil pou konprann. Se konsa, moun iyoran yo ak moun ki fèb nan konfyans Bondye yo ap tòde sans pawòl yo, tankou yo fè l' pou lòt liv yo tou. Men, se sa menm k'ap fin pèdi yo. 17 Se poutèt sa, frè mwen renmen anpil yo, koulye a nou tou avèti. Pran prekosyon nou pou nou pa kite mechan sa yo trennen nou ale ak manti yo, pou nou pa pèdi pozisyon kote nou kanpe fèm lan. 18 Okontrè, se pou nou grandi nan favè ak konesans Jezikri, Seyè nou ak Sovè nou. Se pou li tout lwanj la, koulye a ak pou tout tan. Amèn.
Koulye a, ou pa pral gen okenn pwoblèm pou w konprann 1 Korint 5: 7-8 Wete vye ledven peche sa a pou nou ka tounen yon lòt kalite moun. Lè sa a, n'a tankou yon pa t' ki fèk bat, san ledven ladan li. Pou di vre, se sa menm nou ye deja. Paske Delivrans nou, se Kris la menm. Yo ofri l' bay Bondye pou nou deja tankou ti mouton yo konn touye lè fèt la. 8 Se pa pou n' fete fèt la avèk pen ki gen vye ledven an, ledven vis ak mechanste. Men, ann fete l' avèk pen san ledven an, pen ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo.
Nou wè Pa gen anyen ki piti nan lalwa Moyiz la ak fèt Bondye yo, se sa ki fè li trè enpòtan poun kenbe lalwa yo ak fèt Bondye nan la fwa a Jezi Kris. Koulye a, tounen nan Ezekyèl 22:26 Je ou va ouvri sou sak fè Bondye di “Yo pa fè diferans ant bagay ki apa pou mwen ak bagay ki pa apa pou mwen. Yo pa moutre moun sa ki bon ak sa ki pa bon pou sèvis mwen. Yo pa konn sa ki rele jou repo mwen yo. Se konsa pèp Izrayèl la pa respekte m' menm.” Matthew 7:15 Beware of false prophets, which come to you in sheep's clothing, but inwardly they are ravening wolves. Jezi Kris te jis mansyone sa ki te déjà ekri nan Ezekyèl 22:25-26
Eklezyas - Liv Filozòf la 7:12 Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l'. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l' konnen an ap fè l' viv. Ezekyèl 22:27- Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo. 28 Pwofèt yo kache peche pou chèf yo tankou moun k'ap kouvri yon vye miray ak krepisay. Y'ap fè vizyon ki pa vre. Y'ap bay manti sou sa ki pou rive. Yo pretann se mesaj mwen menm, Seyè a, mwen ba yo, men, mwen pa janm pale ak yo. Matye 7:15 Pran prekosyon nou ak fo pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y'ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.
1 Samyèl 2:8- Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Seyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la. 9 L'ap pwoteje lavi moun k'ap sèvi l' ak tout kè yo. Men, mechan yo pral mouri nan fènwa. Paske se pa fòs kouraj yon nonm k'ap fè l' genyen. Nonm blan an ak tout fo pwofèt lap pey Ròm 16:17 M'ap ban nou yon dènye ti konsèy, frè m' yo: Veye kò nou ak moun k'ap simen divizyon, k'ap pale kont sa yo te moutre nou an pou fè moun ki kwè yo pèdi tèt yo. 18 Moun konsa, se pa Kris la, Seyè nou an, y'ap sèvi. Se vant yo y'ap sèvi. Y'ap bay bèl pawòl, y'ap fè bèl diskou pou achte figi moun. Se konsa yo pran tèt ti inonsan yo.
2 Piè 1:20 Men, anvan tout bagay, se pou nou konn sa byen: pesonn pa gen dwa pran mesaj pwofèt ki ekri nan Liv la pou li ba li sans li vle. 21 Paske, pwofèt yo pa t' janm bay mesaj paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.
2 Piè 2:1 Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula. 2 Anpil moun pral swiv yo nan sa y'ap fè ki mal yo. Konsa, y'ap lakòz moun pale chemen laverite a mal. 3 Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo.
4 Bondye pa t' fè pa zanj ki te fè peche yo. Li te voye yo jete nan lanfè, li lage yo nan gwo twou kote ki fènwa anpil la, l'ap kenbe yo la pou yo tann jou jijman an. 5 Bondye pa t' fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noe, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo. 6 Li te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo. 7 Men, li te delivre Lòt, yon nonm dwat ki te pran lapenn lè l' te wè move bagay mechan yo t'ap fè. 8 Paske, nonm dwat sa a ki t'ap viv nan mitan yo a, lè li te wè, lè li te tande tout bagay mal moun sa yo t'ap fè, se chak jou li santi kè l' t'ap fann, paske li t'ap viv dwat devan Bondye. 9 Konsa, Bondye konnen ki jan pou l' delivre moun k'ap sèvi l' yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l' ka peni yo jou jijman an, 10 sitou moun k'ap viv pou lachè ak tout egzijans li yo, moun k'ap meprize otorite Bondye a. Moun sa yo gen je chèch konsa, yo awogan. Yo pa menm pè pale pouvwa yo ki nan syèl la mal. 11 Menm zanj yo ki gen plis fòs ak plis pouvwa pase moun sa yo pa pote move akizasyon kont pouvwa ki nan syèl yo devan Bondye. 12 Mesye sa yo menm, yo tankou bèt ki san konprann, k'ap viv dapre ensten yo epi ki la sou latè pou moun kenbe touye. Yo pale mal sou bagay yo pa konnen, yo gen pou yo peri menm jan ak bèt. 13 Yo gen pou yo soufri pou tou sa yo te fè moun soufri. Yo pran plezi fè debòch gwo lajounen. Se yon wont, se yon eskandal lè moun sa yo k'ap pran plezi yo nan fè sa ki mal chita sou menm tab ak nou lè n'ap fè fèt. 14 Je yo kale sou tout fanm. Se tout tan y'ap fè peche. Yo pran tèt moun ki fèb yo nan pèlen. Nanpwen moun renmen lajan tankou yo. Se moun ki anba madichon.
Mezanmi lagè ap vini pou Blan an ak tout fo Pwofèt li yo se swa pawol sa yo touché ou repanti, O sinon kenbe apawol fo Pwofèt yo ap di ou andedan bwat katon Legliz yo.
Revelasyon 22:11- Mechan yo mèt plede ap fè toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye yo mèt kontinye fè sa ki pa dakò ak sèvis Bondye. Moun ki bon yo mèt kontinye fè sa ki byen. Moun k'ap viv pou Bondye yo mèt kontinye viv pou Bondye. 12 Jezi di: Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m', pou m' bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. 13 Se mwen menm ki A ak Z, se mwen menm ki premie ak dènye, se mwen menm ki konmansman ak finisman. 14 Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gen dwa manje fwi piebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la. 15 Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti.
Apocalypse 22:14 Bienheureux sont ceux qui font ses commandements, afin qu'ils aient droit à l'Arbre de vie, et qu'ils entrent par les portes dans la Cité. (La saite Bible Martin)
Revelation 22:14 Blessed are they that do his commandments, that they may have right to the tree of life, and may enter in through the gates into the city. :)
Si tel man yo rayi Komandman Bondye a; y'ap fe vis chanje mo a nan Tradiksyon yo pote atansyon sou vese 14 Kreyol la ak France ak Angle, a wap we sak fe'm di sa. Men Bagay sa a fini Espri Bondye sou te a anko lap men nen nou nan tout chemen verite li Shalom Levi :)




