

Dapre sa ki ekri nan Bib La Jozèf Se Papa Byolojik A Jezi Kris
1 Korint 14:37- Si yon moun kwè se Bondye ki voye l', osinon si li kwè li resevwa kèk don ki soti nan Sentespri Bondye a, se pou l' rekonèt sa m' ekri a se yon lòd ki soti nan Seyè a. 38 Men, si li pa rekonèt sa, nou pa bezwen okipe l' ankò. (Ou dwe rekonèt tout lèt Pòl yo se kòmandman Bondye yo ye, Lè nou kontinye nan etid la, ou pral wè sa ki enpòtan nan vèsè 37 la).
Kolòs 2:18 Se poutèt sa, moun nou wè k'ap sèvi zanj epi ki swadizan p'ap vante tèt yo, pa kite moun konsa konprann pou yo wete rekonpans nou nan men nou. Moun konsa toujou ap rakonte vizyon yo te fè. Pou anyen, yo gonfle ak lògèy poutèt yon bann lide lèzòm yo mete nan tèt yo.
Moun Relijyon wete rekonpans yo nan men yo, se moun ki pa janm etidye pawòl Bondye a pou pwòp tèt pa yo. 2 Timote 2:15 Fè jefò pou ou ka resevwa lwanj nan men Bondye tankou yon travayè ki pa wont travay li fè, yon travayè ki fè konnen pawòl verite Bondye a jan l' ye a. (Yon sèl fason ou ka konprann sa ou li nan Bib La Ezayi 28:10 Tankou pwofesè lekòl, l'ap repete lèt apre lèt, liy apre liy, leson apre leson. Bib la se tankou yon devinèt li ye ou dwe mete moso yo ansanm pa gen okenn lòt fason pou ka etidye La Bib ak konprann li).
Koulye a, nou pral egzaminen pawòl Bondye a jan sa te ekri a; pou w byen konprann nesans Jezi Kris koulè nwa a ou bezwen kòmanse ak kont nan chapit a Lik la; Lik premye se anvan Mari te ansent, ak Matye premye se lè li te deja jwenn ak timoun nan nan vant li.
Lik 1:5-33 Nan tan Ewòd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari. Li te fè pati gwoup prèt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabèt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprèt la. 6 Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san ankenn repwòch. 7 Men, yo pa t' gen pitit paske Elizabèt pa t' kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun.
8 Yon jou, Zakari te desèvis kou prèt devan Bondye, paske se te tou gwoup pa l' la. 9 Dapre koutim sèvis la, yo te tire osò pou chwazi yonn nan prèt yo pou antre nan tanp Mèt la pou ofri lansan an. Twouve fwa sa a, se Zakari ki te soti. 10 Tout mas pèp la t'ap lapriyè deyò, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an. 11 Vwala, yon zanj Bondye parèt devan Zakari; li te kanpe sou bò dwat lotèl kote yo boule lansan an. 12 Lè Zakari wè l', li sezi; li te pè anpil. 13 Men zanj lan di li: Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason; ou va rele l' Jan. 14 Ala kontan wa kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a. 15 L'ap yon grannèg devan Bondye, Mèt la; li p'ap bwè ni diven, ni ankenn alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri a. 16 L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a. 17 L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit; l'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la.
18 Zakari di zanj lan konsa: Ki jan pou m' fè kwè sa w'ap di m' la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou. 19 Zanj lan reponn li: Mwen se Gabriyèl ki toujou kanpe nan sèvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m' pale avè ou, pou m' pote bon nouvèl sa a ba ou. 20 Men, paske ou pa kwè pawòl mwen yo ki gen pou rive nan tan yo, ou pral vin bèbè, ou p'ap ka pale jouk jou bagay sa yo va rive.
21 Tout tan sa a, pèp la menm t'ap tann Zakari; yo te sezi wè jan l' te mize nan tanp lan. 22 Men, lè Zakari soti, li pa t' kapab pale avèk yo. Lè sa a yo vin konprann li te gen yon vizyon nan tanp lan. Li t'ap fè yo yon bann siy ak men l', men li pa t' kapab pale. 23 Lè tan sèvis li fini, Zakari tounen lakay li.
24 Kèk tan apre sa, Elizabèt, madanm li, vin ansent. Li fè senk mwa kache lakay; li t'ap di: 25 Gade sa Mèt la fè pou mwen non! Se koulye a sa fè l' plezi pou l' wete dezonè m' devan lèzòm.
26 Sou sizyèm mwa gwosès Elizabèt la, Bondye voye zanj Gabriyèl nan yon vil nan peyi Galile yo rele Nazarèt. 27 Bondye te voye l' kay yon jennfi ki te fiyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari. 28 Zanj lan antre lakay Mari, li di li: Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. 29 Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l' kisa bonjou sa a te vle di. 30 Men, zanj lan di li: Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye. 31 Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. 32 L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li. 33 La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini. (Poukisa Zanj la di nan vese 32 a "David, granpapa li" se paske nan vese (27) la Joseph se moun ras David. (Mezanmi pote atansyon wi nan vese 31 an di nou ke "Oupral ansent" sa se yon bagay ki gen pou rive nan yon tan ki poko rive.)
nan vèsè 33 a di nou ke Gouvènman Kris ap la pou tout tan, Wè 2 Samyèl 7:12- Lè lè a va rive pou ou mouri, lè y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm. 13 Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. M'ap fè gouvènman l' lan kanpe fèm pou tout tan. 14 M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Si li fè sa ki mal, m'ap korije l' tankou yon papa korije pitit gason li. (si yon moun pa nan Lespri a Bondye; ou pral jis li sou vèsè pasaj 2 Samyèl 7:12-14 Epi ou pa pral analize ekriti sa yo. Men si yon moun nan Lespri Bondye a ou pral sispann e wap analize pasaj sa). Nou tout konnen ke nan vèsè trèz, Salomon t 'bati yon tanp pou Bondye, Men, pawòl ki pwouve ke li pa te ap pale ak wa Salomon! Tamp li a pa t 'kanpe pou tout tan. Men pa Jezi Kris la gen pou kanpe pou tout tan (Lik 1:33) Se konsa, wa David te deja konnen Jezi Kris te gen pou’l vinn mouri pou peche douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Pa pouvwa Lespri Bondye a ki anwo nan syèl la Mwen pral pwouve sa pli lwen nan leson sa a pran pasyans.
Koulye a ale tounen nan (Lik 1:32-34) 32 L'ap vin yon grannèg, y'a rele li Pitit Bondye ki anwo nan syèl la. Mèt la, Bondye nou, va fè l' wa tankou David, gran granpapa li. 33 La gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l' lan p'ap janm fini. 34 Mari di zanj lan konsa: Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason! (nou dwe poze la pou yon ti tan, ann analize!). Ki jan fè nan vèsè 27 tèks la di nou ke “Jennfi kite fiyanse ak yon nonm yo rele Jozèf”? Tounen de sann nan vèsè 34 Ki jan sa fè rive paske Mari di “mwen poko janm konn gason”? Repons sa a se trè fasil, Nou dwe premye konprann aranjman maryaj zansèt nou yo nan tan long tan. Pou egzanp ou se yon papa yon nonm vle marye pitit fi ou men li pa a laj apwopriye pou marriage, Se konsa, apre ou finn jwenn konnen fanmi jenn gason an ak Jenn gason an tou, ou wè ke yo reyèlman bon moun ak gen zèl pou Bondye ou ta Lè sa a, fè aranjman an pou jenn gason an marye ak pitit fi ou lè li pare. Men ou menm pa gen anyen pou w rakonte, pitit fi ou kòm yon granmoun se ou ki gen rezon ak konnen sa ki pi bon. Men, ou ap toujou rete la an kontak ak jenn gason an e ak fanmi li, Men! Ou ta gen siveyans tou de pou yo pa fè anyen jouk le jou seremoni an rive jan sa te mande fè anba lalwa Moyiz la. Bon Koulye a, mwen bay yon senaryo jan sa te kon ye nan tan long tan ke mwen pral pwouve pi devan! Koulye a, li vèsè 35 Mond a swadizan kretyen yo renmen vèsè sa, men jodi a yo pral trè wont.
Lik 1:35 Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye. (Sonje ak anpil atansyon vèsè 35 la di nou ke “Sentespri a pral vin sou ou” sa vle di se yon bagay ki gen pou rive ki poko rive premye pwen, dezyèm pwen Ki sa ki “Sentespri a Bondye”? Li Travay/Acts 7:51-53 51 Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, (n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou). Nou tankou zansèt nou yo. 52 Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t' pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini (Jezi Kris). Koulye a, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye. 53 Se nou menm ki te resevwa (lalwa Moyiz) nan men zanj Bondye yo, epi se nou menm ankò (ki pa obeyi li). Dapre sa nou sot li la a, se lalwa Moyiz la nou men'm les swadizan Ayisyen tap kenbe tet ak li ki fe nou rive nan eta sa nou ye la jouk jounen jodia a. Se sa ki fe tou lalwa Moyiz la se li menm ki santespri ki soti nan Bondye a.
E yon lot pwen anko!... (lè tèks la di “Moun lot nasyon yo, li pa te pale sou tout moun nan planèt la. Men, yon espesyal pèp ke yon fwa te fè pati nan douz branch fanmi yo, men deside kite apre yon gro diskisyon. Men se Bondye nou an menm ki te vle sa pase konsa Apre lanmò Wa Salomon, li 2 Kwonik Chapit 10 ak 11 pou w pi bien konprann).
Koulye a, se pou nou retounen nan Sijè "Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj"(Lik 1:35). Eben an nou al analyze pawol pou tet nou poun ka we de kisa anj Bondye tap pale ak Mari.
kom Travay/Acts 7:51-53 Montre nou ke se lalwa Moyiz la ki sentespri a, Savle di ke tout sa mary gen poudi le Sentespri kouvri'l tankou yon lonbraj, se va pawol ki soti nan ancien kontra a ka pwal soti nan bouch li. An nou ki te Bib la moutre nou sa.
Lik 1:35-56 35. Zanj lan reponn li: Sentespri a (pral vin=Nan Lavni, yon bagay ki gen pou rive men ki poko rive). sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l' Pitit Bondye. 36 Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l' ansent yon pitit gason. Yo te di l' pa t' kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès. 37 Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. ("Ki tou sa paske pa gen anyen Bondye pa ka fe"? Repons la nan vèsè 7 e 15, 37 vèsè 15 la menm, vle few konen depi nan vant ti bebe Jan Batist ap gen bon konprann nan liv lalwa Bondye a, paske Travay 7:51-53 deja fe nou konen ke lalwa Moyiz la se sentespri Bondye a. 38 Mari di li: Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m' jan ou di a. Epi zanj lan kite li.
39 Nan menm epòk sa a, Mari soti, li pran chemen pou l' rive byen vit nan yon bouk nan mòn peyi Jide a. 40 Li antre lakay Zakari, li di Elizabèt bonjou. 41 Lè Elizabèt tande Mari di l' bonjou, (pitit la pran sote nan vant li). "si pitit la pran sote nan vant Elizabet se ke Zakari te deja ansent madanm li san kel pat konnen. (((Lamenm Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri))). 42 Li pran pale byen fò, li di konsa: Nan tout fanm ki sou latè, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. (ki ou menm sa? Mari manman Jezi) (((Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li))) "... Eske sa vle di pitit la te gentan nan vant Mary? Non, li lik 1:35 anko. kon ya sa nou kadi sou sije Elizabet la nan vese 42 a (Elizabet tap repete bagay kite deja soti nan liv lalwa Bondye a.) Ma pwal moutre nou nan konans Bondye ban mwen nan la foi a Jezi Kris Koule Nwa a.
43 Kisa m' ye menm, pou manman Mèt mwen vin rann mwen vizit? (Santespri a tap Montre Elizabet LIBERATEUR LA pral gen pou soti nan vant kouzine li Mari).
44 Gade! Bonjou ou la poko rive nan zòrèy mwen, pitit la pran sote nan vant mwen tèlman li kontan. (Mezanmi sa pa vle di se le sa Elizabet ansent non :) Pou Kresyanist ki pa janm ouvri bib yo pou yo lil pou tet yo paske si nou pran san nou pou li etid sa a nap deja we Elizabet te deja ansent 6 mwa). 45 Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre. "Yo gen pou rive" eske nou konprann? :)
Lik 1:46-56 46. Lè sa a Mari di: Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa. A le nan 1 Samuel 2:1, Som 34:2-3
47 Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen. (Som 35:9, Abakik 3:18)
48 Paske li voye je l' sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi koulye a, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni! (Jenez 30:13)
49 Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte. (Som 71:19, Som 111:9, Som 126:2)
50 L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li. (Som 103:17)
51 Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li. Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo. (Jenez 11:8, Egzod 18:11, Som 98:1, Som 118:15)
52 Li desann chèf ki te byen chita nan fotèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo. (Job 5:11)
53 Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen. (Som 107:9)
54 Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l' la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib, (Som 46:5, Som 98:3, Lik 1:68-71)
55 pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo. (Jenez 17:7,19, Som 132:11)
56 Mari pase twa mwa konsa ak Elizabèt. Apre sa, li tounen lakay li. Mezanmi tout le sa a, eske Mary te ansent? Dapre sa Sentespri ki soti nan Bondye a sot montre nou, repons la se NON. Sa vle di ke Lik Premye se anvan Mary te ansent ak ti moun lan nan vant li, e Matye Premye se le yo deja jwen li ak timoun lan nan vant li. Mwen pral montre nou sa Bondye vle pou nou we nan Sentespri Konans ke li ba mwen poum edifye nou menm, Swadizan Ayisyen jan li vle'l la.
Yon denye Pwen anko si nou Bezwen konnen koman sa te finn pase ak Zakari Kontinye li Lik 1:57-80.....
Ak sa map di nou shalom moun Levi a Bondye mwen yo le ki se les Swadizan Ayisyen nan tan sa nap viv koun ya a Pati 2 Nan Leson an ap vini pa tro lontan pase sa Shalom e Lape Bondye Avek nou.
Dezyèm Pati Nan Etid la: Matye 1:1!... (swadizan Kretyen yo tou jou bezwen komanse nan (vèsè 18), gen yon rezon ki fè yo pa vle komanse nan vèsè 1. Eben jodi a tout manti sa yo swadizan Kretyen relijyon neg blan an te kreye pou kenbe vwe pèp Bondye a nan erè ap devwale jan sa te deja ekri nan tan lontan an (Like 12:2).
Koun ya ann komanse nan etid la, Matye 1:1 Men non (((zansèt))) Jezikri ki te pitit pitit David, pitit pitit Abraram. (Gade mo zanset la, kisa mo zanset la reprezante LA? Mo zanset la se moun ke ou Fè ANRAPÒ AK YO, kon ya ann examine ekriti yo pou n wè eske se Mari ki te soti nan ras David ou swa eske se Jozèf?..... Matye 1:2 Abraram te papa Izarak; Izarak te papa Jakòb; Jakòb te papa Jida ak lòt frè l' yo. 3 Jida menm te papa Perèz ak Zara. Se Tama ki te manman yo. Perèz te papa Eswòm; Eswòm te papa Aram. 4 Aram te papa (((Amenadab))); Amenadab te papa Naason; Naason te papa Salmon.
(Pote atansyon sou non Amenadab la, ou ka ap poze tet ou kesyon pou kisa sa? Me rezon an, ann we depi nan ki epòk Amenadab tap viv sou tè a. li (Egzòd 6:23) se pa sèlman ke Amenadab tap viv nan tan Egzodys men koun ya a, an nou ale nan Deteronòm 18:18 M'a chwazi (((yonn nan yo))) pou pwofèt, m'a voye l' ba yo tankou mwen te voye ou la. M'a mete pawòl mwen nan bouch li. Epi l'a di pèp la tou sa m'a ba li lòd di yo. Ki pwofèt sa? Jezi Kris ki reponse la, sa vle di ke Bondye nou an te deja di Moyiz li gen pou l leve yon lot pwofet tan kou moyiz pami frè yo ki les nan fre yo? (JIDA) Kris so ti nan ras moun tribi Jida a. Se sa ki fè yo mansyone Amenadab, se li menm kite pitit, pitit, a Jida. Ann retounen sou Mat. 1:5.
Matye 1:5 Salmon te papa Boaz. Se Raab ki te manman Boaz. Boaz te papa Obèd. Se Rit ki te manman Obèd. 6 Obèd te papa Izayi, Izayi te papa wa David. David te papa Salomon. Se Madan Ouri ki te manman Salomon. 7 Salomon te papa Woboram; Woboram te papa Abya; Abya te papa Asa. 8 Asa te papa Jozafa; Jozafa te papa Joram; Joram te papa Ozyas; 9 Ozyas te papa Joatam; Joatam te papa Akaz; Akaz te papa Ezekyas; 10 Ezekyas te papa Manase; Manase te papa Amon; Amon te papa Jozyas; 11 Jozyas te papa (((Jekonyas))) ak lòt frè l' yo. Se lè sa a (((yo te depòte moun pèp Izrayèl yo, yo mennen yo ale lavil Babilòn))). 12 Apre yo te fin mennen yo ale lavil Babilòn, Jekonyas te fè (((Salatyèl))). Salatyèl te papa Zowobabèl; (Fok nou kanpela anko an nou al analyze dènye fwa pèp Izrael la te gen yon wa nan ras fanmi David la, e fok nou konnen tou ki moun ki te vinn bat yo? E menm rive pran pouvwa nan men yo jouk jounen jodi a).
1 Kwonik 3:16-17 (eksplikasyon ras Branch fanmi Jekonyas la) v.16 (Jojakim) te papa (Jekonya) ak Sedesyas. (Nan de pitit Jojakim ki les nan yo Kris la soti? Jekonya). 17 Men non fanmi wa Jojakim moun Babilòn yo te fè prizonye a. (Jojakim) te gen sèt pitit gason: Chealtyèl, Bon kon ya an al we sa ki rive zanset (((Jojakim))) rive jouk jounen jodi a.... Jeremi 36:30 Se poutèt sa, koulye a, men mesaj mwen menm Seyè a m'ap bay sou Jojakim, wa peyi Jida a: p'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou chita sou fotèy David la pou gouvènen nan plas li. Kadav li pral rete atè konsa, pou chalè solèy bat li lajounen, pou fredi bat li lannwit 31 M'ap (((pini))) yo, (((ni li menm ni pitit li yo))), ni chèf li yo pou tou sa yo fè ki mal. Ni yo, ni moun lavil Jerizalèm yo, ni moun peyi Jida yo pa t' koute m' lè mwen t'ap avèti yo. M'ap voye sou yo malè mwen te di m'ap voye a. (Jis nan de vese sa yo Le Kris tap mache sou te a, ki les Moun ki tap Gouvene sou fotey David la? (Matye 2:13) Herod (Ewòd) =Yon moun swadizan Blan parey moun Women yo, (e wi mwen rele yo swadizan blan, se paske yo pa Blan vwe se wouj yo ye. ekrit) Women yo te pran l e yo te mete l wa sou tet Pep Bondye a. (Zondervan Compact Bible Dictionary: Herod Idumean rulers of Palestine 47 B.C-A.D 79) Tradiksyon Non (Ewòd): Se wa Idonit a Palestine. dezyèm Kesyon ou si poze mande tet ou se ki moun ras Idonit yo ye? Eben Bondye nou an les swadizan Ayisyen! Jodi a pwal ba nou reponse la Jenèz 25:23 Seyè a reponn li: -Ou gen de nasyon nan vant ou. W'ap fè de pèp: chak ap pran bò pa yo. (((Yonn p'ap vle wè lòt))). Yonn ap pi gwonèg pase lòt. Pi gran an pral sou zòd pi piti a. 24 Lè jou pou Rebeka akouche a rive, li fè de marasa. 25 Premye ki te fèt la te tout wouj. Li te kouvri ak pwal sou tout kò l'. Se poutèt sa yo te rele l' Ezaou. (Le ou kontinye li vese 25,26 wap we yo pa ba ou koule a Jacob, rezon ki fe sa si w gen bon konprann! Se paske Jacob te gen menm koule ak tout lot moun ki te sou late, KOULE NWA. li Egzod 2:6-7) Tombe nan vese 30 la napral we kisa Bondye an set nou an les swadizan Ayisyen, kisa li te fe Ezaou paske li te vann papa nou Jacob Izrayel dwa nesans li. V. 30 Li di Jakòb konsa: -M'ap mouri grangou. Tanpri, ban m' ti gout nan bouyon pwa wouj ou a. Se poutèt sa yo te bay Ezaou yon lòt ti non. Yo te rele l' (((Edon))). Eske nou konprann frem ak sem yo? Edonit se ras swadizan Blanch, kap gouvene mond la depi nan tan Aleksann, pitit gason Filip moun peyi Masedwan rive jouk jounen Jodi a. (Zondervan Compact Bible Dictionary: Idumaea Pertaining to Edom, Greek and Roman name for Edom. (Tradiksyon Idonits: Ki gen rapò a Grèk ak Women yo.)
Zondevan Compact Bible Dictionary: Edom, Edomites (RED): The nation and its people who were the descendants of Esau. He founded the country, so his name is equated with Edom (Genesis 25:30; and 36:1,8). The Country was also called Seir or Mt. Seir, which was the name of the territory in which the Edomites lived. Tradiksyon Edon, Edonit nasyon wouj, ak tout pep li a ki se zanset a Ezaou. Ezaou te dekouvri Peyi yo te rele Mon Seyi a, e se nan teritwa peyi sa Edomit yo te rete. Li (Jenez 25:30; 36:1,8).
Me lot pasaj nan Bib la ki explike sou ka Jekonyas la tou jou: Ezayi 7:14-17 Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou). 15 Se lèt ak siwo myèl ase l'a manje jouk l'a rive laj pou l' konnen sa ki mal ak sa ki byen. 16 Men, anvan menm ti gason an rive konnen sa ki byen ak sa ki mal, peyi de wa sa yo k'ap fè ou pè a ap rete konsa san pyès moun ladan yo. 17 Seyè a pral fè yon malè sou ou, sou pèp la ak sou tout fanmi David, granpapa ou la, yon malè ki pral pi mal pase lè moun Efrayim yo te separe ak moun Jida yo. L'ap fè wa peyi Lasiri a parèt sou nou. (Eske nou konprann frem ak sem yo, Apre Pep la fi ni Esclavaj nan peyi Lasiri (Babylon), Grek bat Lasiri, Apre Grek! Women yo vinn pran pouvwa a). Gen yon lot pwen Bondye nou an ta vle fe nou we, tounen nan Jeremi 36:30-31 apre sa li 1 Kwonik 3:16-17 Fondamantalman byenke wa Jekonyas gen timoun men yo pap chita sou fotey zanset papa yo David jan Bondye te di sa te gen pou rive a.
Bon koulye a an nou tounen nan etid la, tan ke yon pwofesè se travay mwen poum ka edifye nou sou tout verite Bondye nou an jan li vle'l la, si se pa sa! Se mwen kap reskonsab fado ki gen pou tonbe sou tout moun ki pa vle fesa Bondye mande nou fe nan ras Levi a ki se ou menm les swadizan Ayisyen. Matye 1:11-16 Jozyas te papa Jekonyas ak lòt frè l' yo. Se lè sa a yo te depòte moun pèp Izrayèl yo, yo mennen yo ale lavil Babilòn. 12 Apre yo te fin mennen yo ale lavil Babilòn, Jekonyas te fè Salatyèl. Salatyèl te papa Zowobabèl; 13 Zowobabèl te papa Abiyoud; Abiyoud te papa Elyakim; Elyakim te papa Azò; 14 Azò te papa Sadòk; Sadòk te papa Akim; Akim te papa Eliyoud; 15 Eliyoud te papa Eleaza; Eleaza te papa Matan; Matan te papa Jakòb; 16 Jakòb te papa Jozèf. Se Jozèf sa a ki te marye ak Mari, manman Jezi yo rele Kris la. Eske nou konprann frem ak sem yo? Se Jozef ki soti nan David pa Mari.... So nan vese 16 la sa montre nou ke Jozef se papa biologic a Jezi Kris tan swadizan Kretyen yo pret pou expire nan bay manti yo a.
Koulye a, nou pral antre nan sijè ki pi difisil la si ou pat bwen pote atansyon nan premye pati etid la se lave men siye ate ou pral fe... Mwen mande Bondye papa nou ki nan syel la pou l ouvwi lespri nou pou nou ka konprann jan li vle a. Pote atansyon nan Matye 1:17 (trè enpòtan)
V. 17 Konsa, pran depi Abraram jouk nou rive sou David, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi David jouk nou rive lè yo te depòte pèp Izrayèl la ale lavil Babilòn, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi lè yo te depòte pèp la jouk nou rive sou Kris la, te gen katòz jenerasyon papa ak pitit tou. Pou ki sa Bondye di nou vese 17 Importan? Li Matye 1:21 wap we :) V. 21 Li pral fè yon pitit gason. Wa rele l' Jezi. Se li menm ki pral delivre pèp li a anba peche l' yo. Nou konprann? Bon m te kwe Jezi te vinn sove tout moun? Bondye nou an demanti swadizan Kretyen yo nan etid sa. Se selman pou moun nan ras Izrael la yo voye'l (Matye 15:24), e ou men'm anko les swadizan Ayisyen ou soti nan tribi a Levi.
Koulye a nou pral Byen Konprann Matye 1:18-20 (Pou w ka konprann vese 18 ou si poze konnen koman koutim maryaj te ye nan tan a Jozef ak Mari. an nou komanse nan Lik 14 Espri Bondye nou an pral verifye maryaj te existe depi sou Kris e nan tan avan Kris :) Like 14:8 Lè yo envite ou nan yon nòs, pa al chita nan pi bon plas la. Paske, si nan envite yo gen yon moun ki pi enpòtan pase ou, (nou we! Nan ancien Izrayel te gen nos=Mariaj). Me yon lot anko Jan 2:1-2 De jou apre sa, te gen yon maryaj lavil Kana nan peyi Galile. Manman Jezi te la, 2 yo te envite Jezi ak disip li yo nan nòs la tou. (Nou we Maryaj te deja la depi nan tan a Kris men koulye a pou n ka konprann ki jan sa te konn fet nou sipoze antre nan lespri Bondye a pou nou ka we ak Konprann). Jij 15:1 Kèk tan apre sa, pandan rekòt ble a, Samson al rann madanm li vizit. Li te pote yon jenn ti kabrit pou li. Li di bòpè li: -Mwen pral antre nan chanm madanm mwen! Men, bòpè a pa t' kite l' antre. (sa a se istwa a yon zansèt nou yo te rele Samson nan Tribi a Dann, ki te fiyanse ak yon jenn fanm moun lavil Timma, Samson fe yon Kont ak neg peyi nan vil ti dam nan. Men le ou finn li tout chapit la nap we ke neg lavil la bay tifi a ak tout paran li gro presyon ke si tifi a pat bat tet samson pou Samson revele li kont la pote ba yo! Yo tap boule Kay tifi a ansanm ak tout paran li anndan kay la. Eben tifi a ale bat tet Samson pou li ka revele li kont la pou'l ka pote bayo Samson menm tonbe pou madanm li vwe, li revele li kont la. le Tifi a finn ba neg nan vil la kont la yo rele samson pou yo touche, Samson men'm vinn fache li leve li ale al tiye kek Afriken pou'l pran rad yo pote tounnen. Eben le li retounen koulye a nan Jij 15:1 Papa tidam nan panse Samson fache ak pitit fi li, sekonsa li pat ki te li antre andedan chan'm tifi a pou marriaj la finn Fet. Paske nan tan lontan le ou Fiyanse ak yon jèn fanm anvan li tounen madanm ou net ou sipoze antre nan chanm lakaye papa tifi a pou kouche madanm ou apre sa li vinn ofisyèl. Pou pibyen konprann Istwa a li chapit 14 e 15 nan le ou gentan). Jij 15:1 Kèk tan apre sa, pandan rekòt ble a, Samson al rann madanm li vizit. Li te pote yon jenn ti kabrit pou li. Li di bòpè li: -Mwen pral antre nan chanm madanm mwen! Men, bòpè a pa t' kite l' antre.... Kesyon map mande moun ki swadizan kretyen yo kisa yo panse le Marye fe andedan yon chanm? wi yo fè sèks.
Me yon lot Pwen anko pou ede nou plis Konprann tou jou, an nou ale nan liv Tobit nan Apkrif la, e pou moun kap di Apokrif la pat nan labib! Le a rive poun analyze pawol pou tet nou pa jis aksepte sa moun ap di nou.... Apokrif la te tou jou nan labib, Blan yo retire l nan anne 17 mil paske Bib la tap tro jis le ou li l', paske nan apokry la Bondye akze neg swadizan blan an ladann. Yo pat gen lechwa men pou yo retire l pou kenbe vwe pep Bondye a nan ere jan yo vle l la. Tobit 6:12-13