

Dyak Yawasap
Shalom. Mwen se Dyak Yawasap nan Izrayèl Ini Nan Kris la. Objektif mwen nan verite sa a, se yon enstrimantal nan jaden rezen Seyè a, pou ede Resisite moun vwè pèp Izrayèl yo soti nan eta mantal esklav espirityèl, inyorans, ak eksplwatasyon nan fo relijyon, pou’m dirije nou nan vwè verite Lidè pèp nou an ki se Kris la. Mwen te toujou rayi kondisyon mizerab sa yo ki nan mitan moun (pèp mwen an) ke mwen konnen yo se pi gran moun tout kote pye yo pile sou planet la. E mwen Konnen ke chak fwa nou deside fè yon bagay antan ke yon nasyon lè nou met tèt ansanm nou toujou rive akonpli sa, Mwen reyalize ke, pa gen okenn pouvwa nan mond la ki ka sispann nou reyalize sa nou vle, paske se Bondye ki sou bò a nou. Kòm yon Pèp lèn nou reyalize sa a, epi tounen vinn jwenn Bondye ak Kris Pitit li tout bon vwe, tout pwoblèm nou yo ap fini dwat. Se konsa, sa ki kenbe nou tounen? Repons la: Yo detwi lide nou ak lespri, poun pa janm Repanti.

Si m ' kapab yon enstrimantal nan retablisman lavi pèp mwen an nan la foi a Kris, sitou sa yo ki an kontak ak mwen chak jou a, Lè sa a, m ap kòmanse fè kè kontan paske mwen wè pwogrè .Pafwa li ka yon travay trè difisil, espesyalman lè fanmi ak moun ou te konen tout lavi ou, ak pandan wap nan pwosesis pou ou eseye montre yo chemen kay yo, ou ka pedi nan yo e gen kèk ki ka men’m tounen ledmi’w. Men pa bliye ke ou men’m ki vinn nan verite sa a, se yon enstriman pou sove yon lòt nanm ki nan lespri inyorans ak lanmò mantal ... ke Bib la Sentespri, refere a nou kòm "moun pèp Izrayèl yo ki mouri". Sifi; se pou rezon sa, ki fè mwen te fèt, sou tè a. Mwen p'ap janm santi mwen satisfè konplètman Jiska lè lavil Jerizalèm (Vrè moun pèp Izrayèl yo) vinn tounen yon lwanj sou tè a devan Bondye jan sa ekri nan liv la.
Shalom
Pataje sa a verite a :